-
Byenvini sou
TheocBase
TheocBase se yon zouti ki fèt pou Temwen Jewova yo prepare pwogram Reyinyon Lasemèn nan ak Reyinyon Fen Semèn nan.
Ou ka fè asiyasyon pou chak pati nan reyinyon yo ki te enpòte apati pwogram Reyinyon Lavi a ak/oubyen TG la (epub-format).
Yo fè l tou pou Siveyan reyinyon Lavi a anrejistre tout asiyasyon elèv yo.
-
Ann ale
Pou kòmanse: antre enfòmasyon sou kongregasyon w lan ak orè reyinyon yo fèt.
Annapre: antre non pwoklamatè yo nan bazdone w la, epi di nan ki pati nan reyinyon yo, yo ka patisipe.
Pou fini: enpòte oubyen antre kèk lòt enfòmasyon ki enpòtan tankou leson yo oswa tèm diskou piblik yo nan TheocBase.
-
Pwograme pati ki nan pwogram reyinyon yo
Enpòte pwogram reyinyon an apati epub oswa antre l alamen.
Nan ekran prensipal la, asiyen frè pou plizyè pati nan pwogram nan, epi/oswa sèvi ak editè a pou pwograme diskou piblik yo (sa y ap bay nan kongregasyon an oubyen sa k pra l bay nan lòt kongregasyon).
Itilize eksepsyon yo nan paj konfigirasyon an pou jere kèk evènman espesyal tankou vizit siveyan sikonskripsyon an oswa kongrè/asanble.
-
Jere asiyasyon elèv yo
Suiv rezilta leson ki travay yo / egzèsis ki fèt yo epi pran nòt nan paj prensipal la.
Ou ka modifye leson ki travay deja yo tou nan paj konfigirasyon pwoklamatè yo.
-
Fonksyon Avanse
Mobile-sync | Bakòp ak Retabli
Konbine ak mobile app TheocBase la, ou ka senkwonize enfòmasyon yo aleretou.
Yon lòt metòd ou ka itilize se enpòte/ekspòte done epi voye l apati yon Imel.