Tèritwa yo

Ajoute yon adrès

  1. Chwazi yon tèritwa.
  2. Klike bouton sou tab Adrès yo pou ajoute yon nouvo ranje nan bwat lis adrès yo.
  3. Antre eleman adrès yo nan dyalòg Ajoute adrès la.
    Nòt:
    Enfòmasyon ki nesesè yo ka varye de peyi an peyi.
    Konsèy:
    Eseye diferan apwòch si pa genyen okenn adrès oswa okenn move adrès lè w ap antre oswa ou pa antre enfòmasyon tankou Peyi oswa Eta a.
  4. Klike sou bouton Chèche a.
  5. Chwazi yon ranje nan lis rezilta yo epi klike sou bouton OK a.
  6. Klike sou kare Non nan nouvo ranje a nan bwat lis adrès la epi antre yon non.
  7. Klike sou kare Kalite a epi chwazi kalite adrès la.
    Konsèy:
    Ou ka chwazi kalite adrès ou vle pou l parèt lè w ouvri yo nan paramèt yo.

Enpòte adrès tèritwa yo

  1. Chwazi tèritwa a kote w vle enpòte adrès yo.
  2. Klike sou bouton nan kare Kat la.
  3. Nan dyalòg Enpòte enfòmasyon tèritwa a chwazi opsyon Adrès yo.
  4. Klike sou bouton bo kote kare Non dosye a.
  5. Chwazi yon dosye CSV nan dyalòg Ouvri dosye a.
  6. Nan bwat Kowensidans nan enfòmasyon an, chwazi kare ki nan dosye CSV ki koresponn ak Adrès la ak Non an.
    Nòt:
    Premye ranje dosye CSV la dwe genyen non kare yo.
  7. Chwazi yon antre nan kare Kalite adrès la.
  8. Pou n ka revize adrès yo pa t ka enpòte yo ou kapab itilize kare Pwodui non dosye a pou adrès echwe yo a.
    1. Klike sou bouton bo kote kare sa a.
  9. Klike sou bouton Enpòte a.

Modifye yon adrès

  1. Chwazi yon adrès swa pa klike sou makè ki nan kat la oswa pa klike sou yon ranje nan bwat lis adrès yo.
  2. Klike sou bouton nan kareAdrès yo pou modifye kote a.
  3. Modifye eleman adrès yo nan dyalòg Modifye adrès la.
  4. Klike sou bouton Chèche a.
  5. Chwazi yon ranje nan lis rezilta yo epi klike sou bouton OK a.
  6. Klike sou kare non an epi modifye non an.
  7. Klike sou kare Kalite a epi chwazi kalite adrès la.
  8. Klike sou kare Dat demann lan epi antre yon dat, pa egzanp dat yon demann pou yon moun nou "pa dwe kontakte" ankò.

Rale nan yon adrès