Tèritwa yo

Pou kòmanse

Tèritwa yo parèt pa vil, pwoklamatè, kalite tèritwa a oswa dat yo te fè l la [2] nan bwat lis tèritwa a [1]. Ou ka bay tèritwa pou moun yo travay yo, montre limit yo epi jwenn tèritwa pa adrès yo.

Manadjè tèritwa

Pran etap sa yo pou kòmanse jere tèritwa ou yo:

Kat Tèritwa

Zoom sou yon tèritwa

  1. Double-klike sou yon tèritwa nan bwat lis tèritwa a.
  2. Kat jeyografik la rafrechi epi l montre tout limit tèritwa yo chwazi a.

Zoom sou tout limit tèritwa kongregasyon an

  1. Peze bouton an
  2. Kat la rafrechi e li montre tout kantite tèritwa kongregasyon an.

Montre/kache limit tèritwa yo

  1. Peze bouton Montre/Kache tèritwa yo. Sa ki parèt sou ekran an ap chanje pami mòd ki vin annapre yo:
    Montre tout tèritwa yo
    Kache tout tèritwa yo
    Montre tèritwa ki seleksyone yo sèlman
  2. Kat la rafrechi epi montre tèritwa yo dapre konfigirasyon aktyèl la.

Montre/kache lari yo

  1. Peze bouton Montre/kache lari yo a. Sa w pral wè a chanje ant mòd sa yo:
    Montre tout lari yo
    Kache tout lari yo
    Montre lari nan tèritwa ou te chwazi a sèlman
  2. Kat la rafrechi epi montre lari yo selon konfigirasyon aktyèl la.

Montre/kache makè tèritwa yo

  1. Peze bouton Montre/Kache makè yo. Sa ki parèt sou ekran an ap chanje pami mòd ki vin annapre yo:
    Montre tout makè yo
    Kache tout makè yo
    Montre makè ki seleksyone yo sèlman
  2. Kat la rafrechi epi li montre makè yo dapre konfigirasyon aktyèl la.

Chanje nan mòd modifye kat

Li posib pou chanje ant gade ak modifye kontni kat la.

  1. Peze bouton Chanje mòd edisyon an. Mòd sa yo disponib nan:
    Gade
    Modifye adrès makè yo
    Modifye limit tèritwa yo
  2. Diferan fonksyon ap disponib sa depann de mòd ou te chwazi a.

Jwenn tèritwa pa adrès

  1. Klike sou kare chèche a.
  2. Tape adrès la.
  3. Frape kle antre a. Makè yo montre rezilta rechèch la nan kat la.
  4. Klike sou kat la epi chwazi tèritwa a.

Modifye tèritwa yo

Ajoute yon Tèritwa

  1. Sèvi ak bouton an pou ajoute yon tèritwa.
  2. Edite atribi tèritwa yo.

Modifye atribi tèritwa yo

  1. Chwazi tèritwa a nan bwat lis tèritwa a oswa nan kat la.
  2. Antre nimewo tèritwa a nan kare Nimewo a.
  3. NanLokaliteklike lokalite ki nan tèritwa a.
  4. Klike sou bwat Vil la epi chwazi yon vil.
  5. Klike sou Kalite a epi chwazi yon kalite.
  6. Mete sourit laptop la nan kare Remak la epi kòmanse tape, si ou vle ajoute yon remak.

Retire yon Tèritwa

  1. Chwazi yon tèritwa nan bwat lis tèritwa a.
  2. Klike sou bouton an pou retire tèritwa ou chwazi a.

Enpòte limit tèritwa yo

  1. Klike sou bouton an.
  2. Nan dyalòg Enpòte done tèritwa a, chwazi opsyon Fwontyè tèritwa a.
  3. Klike sou bouton an.
  4. Chwazi yon fichye KML nan dyalòg Louvri dosye a la.
  5. Nan bwat Koresponn ak KML Fields la, chwazi kare ki koresponn ak Non ak Deskripsyon yon tèritwa ki nan dosye KML la.
    Nòt:
    N ap chèche tèritwa yo pa kare Non a. Si n pa jwenn okenn tèritwa, yon nouvo tèritwa pral vin kreye. Si kare Deskripsyon an asiye, nou pral sove valè ki koresponn nan.
    Atansyon:
    Bay kare Non an sèlman si li diferan.
  6. Itilize opsyon Chèche pa "Deskripsyon" si n pa jwenn tèritwa pa "Non" pou mete kare Deskripsyon an tou nan rechèch la.
    Atansyon:
    Sèvi ak opsyon sa a sèlman si Deskripsyon an diferan.
  7. Klike sou bouton Enpòte a.
Konsèy:
Ou ka itilize Google Maps pou kreye yon fichye KML. Antre nan kont w epi kreye yon map. Lè w fini trase fòm yon tèritwa, mete nimewo tèritwa a nan kare Non an epi kote l ye nan kare Deskripsyon an. Finalman, ou ka sove kat jeyografik ou a lè w klike Ekspòte nan fòma KML nan meni eleman yo.

Trase limit yon tèritwa

  1. Chanje mòd modifye pou modifye fwontyè tèritwa yo.
  2. Chwazi yon tèritwa nan bwat lis tèritwa a oswa nan kat la.
  3. Klike sou bouton an.
  4. Klike sou kwen yo nan zòn nan tèritwa nan kat la. Nouvo zòn tèritwa a parèt an wouj.
    Konsèy:
    Zoom epi menen nan kwen yo nan yon tèritwa vwazen pou evite twou ant yo. Pandan w ap deplase sourit laptop la tou pre yon pwen nan fwontyè a, mak la pral fè yon siyal lè l posib pou w travay la.
    Nòt:
    Ou ka sispann trase lè w prese bouton Esc epi retounen sou dènye pwen an lè w prese bouton Backspace.
  5. Klike ak bò dwat sourit laptop la sou kat la pou w fini desen.

Retire fwontyè yon tèritwa

  1. Chanje mòd modifye pou modifye fwontyè tèritwa yo.
  2. Chwazi yon tèritwa sou kat la.
  3. Klike sou bouton an.

Divize yon tèritwa

Divize tèritwa

Li posib pou w fanm yon tèritwa epi divize l an de pati. Chak pati ap relye ak tout sa ki pou tèritwa a (eksepte nimewo tèritwa a). Pati yo ap relye tou ak moun yo asiyen tèritwa a alòske adrès yo ak non lari yo ak divize selon fason yo limite nouvo tèritwa a.

  1. Chanje mòd modifye pou modifye fwontyè tèritwa yo.
  2. Chwazi tèritwa a nan bwat lis tèritwa a oswa nan kat la.
  3. Klike sou bouton .
  4. Klike sou liy [3] kote w vle divize tèritwa a.
    Konsèy:
    Kòmanse [1] epi fini deyò tèritwa a epi (si sa posib) menen nan yon pwen ki egziste deja [2], anvan ou kontinye trase sou tèritwa a. Fè menm jan an tou anvan ou kite tèritwa a [4].
    Nòt:
    Ou ka sispann trase lè w prese bouton Esc epi retounen sou dènye pwen an lè w prese bouton Backspace.
  5. Klike nan zòn [5] ou vle koupe a. Pati sa a ap sèvi pou w kreye yon nouvo tèritwa.
  6. Fè yon klik dwat sou kat jeyografik la pou w ka fin trase tèritwa a epi divize tèritwa ou seleksyone a.

Antre nan Tèritwa yo

Ou ka rantre nan de tèritwa. Y ap ajoute fwontyè, lari ak adrès yon tèritwa nan yon lòt, pandan y ap konsève tèritwa a li menm ak dosye asiyasyon li epi yo ka retire pita si sa nesesè.

  1. Chanje mòd modifye pou modifye fwontyè tèritwa yo.
  2. Chwazi tèritwa a nan bwat lis tèritwa a oswa nan kat jeyografik kote ou vle antre nan yon lòt tèritwa.
  3. klike ak bo dwat sourit laptop la nan tèritwa nan kat jeyografik la ou vle ajoute nan tèritwa ou te chwazi a.
  4. Chwazi atik meni an Antre nan tèritwa yo chwazi a .